Byenvini Recho TiBwa
Website sa kapab edé ou konprann prensip yo a Recho TiBwa la. L’op montre ou komann pou fè youn recho roket. Website la genyen fotos e vidios pou montre ou sa youn recho roket ye e komann pou fè youn recho roket. Ositou website la genyen links a lot enfomasyon.
Nou espere ou pral fè youn bon diferans a anviwènman an pa itilize Recho TiBwa la nan kizin ou e nou espere ou va reyalize
Recho TiBwa la se youn opòtinite a stat youn biznis a fè recho yo a vann a fanmi ou, a vwazen yo e a kominate ou.
DIS Prensip pou Recho TiBwa

1
Instile recho-a tif (oubyen tè gra) avek materiel ki pa lou tankou pay diri, poud bwa, oubyen pay manyok.

2
Fè youn trou 12” anle dife-a pou boule lafimen epiogmante vites van.
​

3
Selman pwent bwa yo ki bezoin boule pou pa fè twop lafimen.

4
Kantite ti-bwa nou pouse nan dife-a mezire kantite chalè ki rive nan deye
chodye-a.

5
Kite van pase anba bwa dife-a selman. Evite trop van pase anlè dife-a pou pa rafredi-l.

6
Si nou pa kite ase van entre nan dife-a, l’ap fè anpil lafimen ak chabon.

7
Van dwe traverse nan ko recho-a soti anba pou rive anwo. Bouch kote van antre-a dwe menm lajè ak trou kote chalè op monte.

8
Mete yon gri anba dife-a.

9
Instile wout chalè-a, soti nan dife pou rive alantou chodye.

10
Mete yon sèk (oubyen jip) alantou chodye-a pou ogmante chalè-a antre nan tout ko chodye-a, pa bliye kite yon ti espas ant sèk-la e chodye-a (ape pwe youn santimet.)