Dis Prensip
Dis Prensip
1 Instile recho-a tif (oubyen tè gra) avek materiel ki pa
lou tankou pay diri, poud bwa, oubyen pay manyok.
2 Fè youn trou 12” anle dife-a pou boule lafimen epi
ogmante vites van.
3 Selman pwent bwa yo ki bezoin boule pou pa fè twop lafimen.
4 Kantite ti-bwa nou pouse nan dife-a mezire kantite chalè ki rive nan deye chodye-a.
5 Kite van pase anba bwa dife-a selman. Evite trop van pase anlè dife-a pou pa rafredi-l.
6 Si nou pa kite ase van entre nan dife-a, l’ap fè anpil lafimen ak chabon.
7 Van dwe traverse nan ko recho-a soti anba pou rive anwo. Bouch kote van antre-a dwe menm lajè ak trou kote chalè op monte.
8 Mete yon gri anba dife-a.
9 Instile wout chalè-a, soti nan dife pou rive alantou chodye.
10 Mete yon sèk (oubyen jip) alantou chodye-a pou ogmante chalè-a antre nan tout ko chodye-a, pa bliye kite yon ti espas ant sèk-la e chodye-a (ape pwe youn santimet.)
DIS Prensip pou Recho Roket-la
By Dr. Larry Winiarski